Haitian Creole Bible

Proverbs 22

Proverbs

Return to Index

Chapter 23

1

¶ Lè chèf envite ou manje sou menm tab ak li, pa janm bliye ki moun li ye.

2

Si ou se yon moun ki gen bon lapeti, kontwole bouch ou.

3

Pa pote lanvi sou bon ti manje l'ap ofri ou yo. Se ka yon pèlen li tann pou ou.

4

¶ Pa touye tèt ou ap kouri dèyè lajan pou ou vin rich. Wete lide ou sou sa.

5

Paske, anvan ou bat je ou, li gen tan disparèt. Ou ta di lajan gen zèl. Li rete konsa, li vole, li ale.

6

¶ Pa chita pou ou manje sou menm tab ak moun ki tikoulout. Pa pote lanvi sou manje l'ap ofri ou.

7

Li chich ata ak tèt pa li, ale wè avè ou. L'ap di ou: Manje non, monchè! Bwè non! Men se pa ak tout kè li l'ap di ou sa.

8

W'a vonmi tou sa ou te manje a. Tout bèl pawòl ou te di l' yo p'ap sèvi ou anyen.

9

¶ Pa chache fè yon moun san konprann konprann anyen. Li p'ap tande anyen nan sa w'ap di l' la. Lèfini, l'ap meprize ou met sou li.

10

¶ Pa janm deplase bòn tè kote yo te ye depi lontan an. Pa antre sou jaden ki pou timoun san papa.

11

Se Bondye k'ap defann yo, li gen anpil pouvwa. L'a plede kòz yo kont ou.

12

¶ Mete tèt ou an plas lè y'ap moutre ou kichòy. Louvri zòrèy ou lè yon moun ki gen konesans ap pale.

13

Ou pa bezwen pè bat yon timoun. Yon bèl kal, sa p'ap touye l'.

14

Okontrè, si ou bat li, w'a sove nanm li pou l' pa mouri.

15

Pitit mwen, si ou gen bon konprann, mwen p'ap manke kontan.

16

M'a kontan anpil lè m'a tande bon pawòl k'ap soti nan bouch ou.

17

¶ Pa pote lanvi sou moun k'ap fè sa ki mal. Nan tou sa w'ap fè, toujou gen krentif pou Bondye.

18

Paske gen denmen. Se pa pou gremesi w'ap tann sa w'ap tann lan.

19

¶ Louvri zòrèy ou, gason mwen, pou ou ka gen bon konprann, pou ou ka mache dwat. Kalkile byen kote w'ap mete pye ou, pou ou ka mache dwat.

20

Pa fè zanmi avèk moun k'ap bwè twòp, ak moun k'ap fè safte.

21

Paske moun k'ap fè metye bwè ak moun ki afre ap vin pòv. Si ou pase tout tan ou ap dòmi, talè konsa w'ap mache yon men devan yon men dèyè.

22

Pitit mwen, koute papa ou ki fè ou. Pa meprize manman ou lè li fin granmoun.

23

Verite, konesans, lespri ak bon konprann, se bagay ou mèt peye chè pou ou genyen. Men, pa janm vann sa.

24

Papa ki gen yon pitit k'ap mache dwat ap toujou kontan. Manman ki fè yon pitit ki gen bon konprann ap toujou gen kè kontan.

25

Fè kè papa ou ak manman ou kontan. Fè kè manman ki fè ou la kontan.

26

Pitit mwen, louvri zòrèy ou pou tande sa m'ap di ou. Louvri je ou byen pou ou wè jan m'ap viv.

27

Fanm jennès se tankou yon twou pèlen, fanm adiltè se tankou yon pi jis jis.

28

Tankou vòlò, y'ap pare pèlen pou ou. Yo fè anpil gason pèdi tèt yo.

29

¶ Ki moun ki nan tèt chaje, ki nan lapenn? Ki moun ki toujou nan kont, ki tou tan ap plenyen? Ki moun k'ap pran kou san rezon, ki gen je yo tou wouj?

30

Se moun k'ap bwè twòp gwòg, moun k'ap kouri dèyè tranpe.

31

Pa kite bweson pran nanm ou, ou te mèt wè jan li bèl, jan li klè nan vè a. Lè ou bwè l', li desann dous nan gòj ou.

32

Men, pita ou santi se tankou yon move sèpan ki mòde ou, yon sèpan aspik ki pike ou.

33

W'ap wè tout bagay ap vire devan je ou, w'ap depale.

34

W'ap santi tankou si ou te sou lanmè: w'ap tankou si ou te sou tèt yon ma batiman.

35

Lè sa a w'a di: Gen lè yo bat mwen, mwen pa santi sa. Gen lè yo te ban m' kou, mwen pa konn sa. Kilè m'a leve la a? Mwen ta pran yon ti kou ankò.

Proverbs 24

 

 

 

Please Click the Ads.

Clicking the Ads helps us to keep this free Bible website open for everyone.

Thanks!

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: