Haitian Creole Bible

Job 38

Job

Return to Index

Chapter 39

1

¶ Eske ou konnen lè kabrit mawon yo ap fè pitit? Eske ou janm wè kote fenmèl yo ap miba?

2

Eske ou konnen konbe mwa yo pote yon pitit nan vant yo? Kilè pitit yo rive dat pou yo fèt?

3

Eske ou konnen lè yo pral kwoupi pou miba, lè y'ap fè pitit yo nan mitan dezè a?

4

Pitit yo grandi, yo pran fòs, yo kite manman yo, y' ale, yo pa tounen.

5

Ki moun ki bay bourik mawon libète yo? Ki moun ki lage yo nan savann?

6

Mwen ba yo dezè pou kay yo. Mwen kite yo viv nan savann tè sale a.

7

Tout bri k'ap fèt nan lavil yo pa di yo anyen. Pesonn pa ka donte yo pou fè yo travay.

8

Yo mache nan tout mòn yo dèyè manje. Y'ap chache fèy vèt pou yo mete anba dan yo.

9

Eske ou ka fè bèf mawon travay pou ou? Eske l'ap rete pase nwit mare nan lakou kay ou?

10

Eske ou ka pase kòd nan kou yonn pou fè l' raboure tè a pou ou? Eske ou ka fè l' rale chari pou woule tè jaden ou yo?

11

Eske ou ka konte sou gwo fòs kouraj li pou fè li travay di pou ou?

12

Eske ou kwè l'ap asepte pote rekòt ou soti nan jaden? Eske l'ap asepte ranmase grenn ou yo sou glasi?

13

¶ Otrich alèz lè l'ap bat zèl li, men, li pa ka vole tankou sigòy.

14

Otrich la ponn ze l' yo atè konsa. Se chalè tè a ki fè yo kale.

15

Li pa konnen nenpòt moun k'ap pase ka pile yo, nenpòt bèt nan raje ka kraze yo anba pye.

16

Li fè tankou ze yo pa pou li. Sa pa di l' anyen si li bay tèt li tout lapenn ponn ze yo pou gremesi,

17

Se mwen menm, Bondye, ki fè l' sòt konsa, ki pa ba li lespri menm.

18

Men, lè l' pran kouri, nanpwen kavalye sou chwal ki ka pran devan l'.

19

¶ Eske se ou menm ki bay chwal yo fòs, ki mete bèl krenyen sou kou yo?

20

Eske se ou ki fè yo sote ponpe tankou kabrit, ki fè yo ranni pou fè moun pè?

21

Y'ap pyafe konsa nan ti fon yo, y'ap bat tè a ak zago yo. Yo kouri ak tout fòs yo lè yo nan lagè.

22

Se brave danje yo ye. Yo pa janm pè anyen. Pa gen zam ki pou fè yo fè bak.

23

Lè konsa, ti sak flèch ki nan do kavalye yo ap fè bri. Lans ak frenn ki nan men yo ap fè zèklè.

24

Yo eksite, yo pa ka tann. Y'ap kouri sou lènmi an. Lè yo tande twonpèt la soufle, yo pa ka rete an plas.

25

Chak fwa twonpèt la soufle, yo fè han! Yo gen tan pran sant batay la byen lwen. Yo tande chèf yo k'ap pase lòd byen fò.

26

¶ Eske se ou ki moutre grigri jan pou l' vole lè li louvri zèl li yo vole ale nan sid?

27

Eske se ou ki bay malfini lòd pou li fè nich li byen wo sou tèt mòn yo?

28

Li rete sou tèt gwo wòch yo. Se la li pase nwit. Kote l' ye a, moun pa ka vin pran l'.

29

Se la li rete, l'ap veye bèt pou l' trape manje. Li te mèt byen lwen, l'ap wè yo ak je li.

30

Se san bèt ti malfini yo bwè. Kote ki gen kadav, se la yo ye.

Job 40

 

 

 

Please Click the Ads.

Clicking the Ads helps us to keep this free Bible website open for everyone.

Thanks!

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: